Non ou
Imel ou
Kòmantè

 

  imaj pwoteksyon

 
*Atansyon kòd verifikasyon an fè diferans ant majiskil ak miniskil

 

 

 

 


Kòmantè ki fèt sou fowòm sa pa angaje opinyon LOGIPAM osinon anplwaye ak kolaboratè LOGIPAM.  Tout opinyon tonbe sou reskonsabilite moun ki ekri mesaj la.

Mesaj de : Ronald Loewen
le: 2010-08-25

Map bat bravo pou mesye sa yo kap fe tet yo travay pou avansman lang kreol la. Kinbe pa janm lage.


Mesaj de : Jeff Rinvilien
le: 2010-07-08

Bonjou, mwen salye nou tout m'ap pwofite felisite nou pou bèl pwojè sa a, mwen kontan anpil pou èd n'ap bay lemond nan zafè lang kreyòl la . mwen se Jeff Rinvilien jwenn mwen sou Twitter> http://twitter.com/princejeff1 oswa http://princejeff.tk


Mesaj de : Robert Nonez Jr.
le: 2010-05-18

Mwen kontan anpil travail saa nap fè a é fason nou fè li. Nou fèl san lajan é nou vlé pèmèt kominoté a patisipé. Sa montré vré ké sé sou bèl valeu ké pwojè saa chita. Mwen rétiré chapo'm bien ba pou nou!


Mesaj de : pimich
le: 2010-05-18

Mwen fè ekip la konpliman pou travay sa a. Mwen ta renmen konnen ki kalite fot korektè a ka korije. Li ka korije fot òtograf, mwen sèten fòk li ka fè sa. Mwen ta renmen konnen si li ka korije fot gramè moun ap fè nan ekri kreyòl? Si korektè a ka korije gramè kreyòl, èske korektè a ka wè fwontyè ant lang kreyòl la ak lang franse? Egzanp : Mesaje de . Nan entèpretasyon pa mwen se yon fot gramè, Mesaje de se yon ekspresyon franse yo ekri an kreyòl.


Mesaj de : Boisguene
le: 2010-04-04

Mwen kontan anpil pou travay sila-a Bondye beni nou


Mesaj de : Georges Dugue Jr
le: 2010-03-27

Mwen kontan anpil le mwen dekouvri pwoje sa a. Se yon pwoje mwen ankouraje a 100%. Mwen menm tou se yonn nan pwomote lang kreyol la tou, e m'ap travay pou lang sa a vin pi popile chak jou. Yonn nan fason mwen fe sa se atrave yon sit mwen kreye ki rele Amizman.com. Kenbe la, pa lage. Bon Travay!!!


Mesaj de : Alain Laverne
le: 2010-03-23

Mwen byen kontan gen yon sit intenet pou Korekte Otograf Kreyol yo. Kelkeswa gwoup moun ki pran inisiativ sa mwen di Konpliman pou nou. Mwen dekouvri sit sa gras ak pitit fi youn gwo defanse lang Kreol ki te tonbe jou 12 janvye a anba dekomb pandan li tap ensenye Ayisyen fre-m ak se-m yo kijan pou pou yo ekri - li - ak pale pi byen lang manman nou an. mwen ap pale de Pye Vene. Nou retire chapo nou devan gwo Ayisyen sa pandan nap lapriye pou nanm ni repose nan lape.


Mesaj de : Pierre Paul
le: 2010-03-22

Bon travay


Mesaj de : FELIX Joseph-Romuald
le: 2010-03-02

Si chak moun te ka panse menm jan avèk nou, o mwen nou tap gen yon peyi....


Mesaj de : Wisly
le: 2009-12-19

Mwen kwe se yon bon inityativ.Fok otorite nan zafè edikasyon ta kore lide sa a. Ou petèt sevi avek li pou koumanse mete règ sou fason pou ayisyen ekri lang pa yo a ke nou rele Kreyol. Akos ke depi lontan anseyman nou te toujou fèt nan liv ki ekri nan lang franse, nou neglije fiske reg sou lang kreyol la. Mwen kwe li enpotan anpil pou nou chwazi kijan lang an dwe ekri olye nou kite chak moun ekri nan yon fason diferan nan menm lang saa. Paske lang lan yonn nan senbol idantite nou kom pèp.


Mesaj de : Minel
le: 2009-12-18

Yon gwo kout chapo pou Ekip Logipam nan.KOKENCHEN TRAVAY SA A MANDE ANPIL ANKOURANJMAN. kENBE LA !


Mesaj de : Meristil
le: 2009-12-18

Annatandan mwen eksplore pi fon sit lojipam lan, mwen vle felisite gwoup la pou premye enpresyon mwen gentan genyen de travay la. Meristil ansyen pwofese Louveti kleri.


Mesaj de : Thesly
le: 2009-12-17

Gwo kout chapo pou nou ti mesye,Jan ampil granmounn Lakay konn ap di ti neg sispann panse,paske depiw ap panse yo gentan devine se ak pwoblem manje oubien lajan wap panse,travay sa de manti sa yo konn ap di a.ou gen dwa pa jwenn paw men gen mounn travay sa ap ede.Ki donk ti mesye kontinye panse ak bon lespri pou realize pi bon bon travay toujou.


Mesaj de : Godenson
le: 2009-12-11

Bon Bagay Ti Mesye! Se si ak sèten, KOK ansanm ak tout sèvis LOGIPAM yo ap mache. Se fyète pou tout ayisyen. M ankouraje nou. Tout ayisyen konsekan ap retwouve yo la a.


Mesaj de : joseph odilon philor
le: 2009-12-08

Mwen bat bravo pou kokenchenn efo sa a... Chapo pou tout ayisyen kap batay pou Ayiti soti anba drapo imilyasyon... Ale pi lwen...Bravo!


Mesaj de : Ann Walter
le: 2009-11-20

Mwen felisite nou Mesye. Men gen anpil mo ki pa korèk, pa egzanp "k'ap". Pa gen apostwòf nan lang kreyòl. Yon lòt bagay pa gen "e" nan lang lan, sinon epi. Nou ranplase "e" pou "ak";se pa "li e ekri", men "li ak ekri", eksetera ... Si ou erè depi sou sit la, mwens moun ap fè korektè a konfyans.... Bon kouraj mesye


Mesaj de : Cecile
le: 2009-11-20

God Job! kontinye fe kreyol la gen pi plis vale chak jou.


Mesaj de : Daniel Tillias
le: 2009-11-16

Nou we le ayisyen vle ki ka fe mevey. deteminasyon sa voye gwo siy pou tout kreyolofon ke , lang sa ki se lang konba ka taye banda jan sa dwa


Mesaj de : Barby DENIS
le: 2009-11-16

Se yon gro e bel inisyativ nou pran. Map mande nou pou nou pa dekouraje paske se nou menm ko pou bay lang manman ak papa nou an empotans li genyen. BRAVO.


Mesaj de : Erick Toussaint
le: 2009-11-14

Sa se yon gwo pa pou tout ayisyen. Nap dwe kenbe la pou bagay ki pi enteresan e pi gran toujou.


 

     
© Logipam.org Tout dwa rezève